Form Center

By signing in or creating an account, some fields will auto-populate with your information and your submitted forms will be saved and accessible to you.

Haitian - Internal Affairs Report Form

  1. Dokinan Enfòmasyon pou Plent Sitwayen

    Manm nan (Summit Police Department) ap fè tout sa yo kapab pou bay sèvis lapolis avèk jistis, efikasite, ak enpasyalite. Sa nan enterè tout moun, pou plent nou resevwa sou nenpòt ki ajans lapolis rezoud avèk jistis, san pèdi tan. Depatman Lapolis la gen pwosedi ki tabli pou mennen ankèt sou plent ou fè a. Pwosedi sa yo ekri yon jan pou garanti jistis, ak pou pwoteje dwa ni sitwayen yo, ni ajan lapolis yo:

    1. Yo oblije resevwa rapò ki fèt kont yon ajan/anplwaye lapolis nan men tout moun, menm si se yon moun ki pa vle bay non li, nenpòt kilè.
    2. Yo pral aksepte plent yo, san gade sou laj moun, ni sou ras, gwoup etnik, relijyon, si se gason oubyen fi, oryantasyon seksyèl, andikap, oswa kondisyon imigran moun ki pote plent lan.
    3.  Plent ou pote a pral rive nan men yon ofisye siperyè oswa yon ofisye ki resevwa fòmasyon sou zafè entèn, ki pral mennen yon ankèt konplè avèk objektivite.
    4. Yo ka mande w ede nan ankèt la, avèk enfòmasyon detaye ou genyen sou sa ki rive, oubyen avèk lòt enfòmason oswa dokiman ki enpòtan.
    5. Gen ankèt serye k ap mennen pou tout plent ki pote kont ajan polis yo. Y ap ba ou enfòmasyon sou jan ankèt la mache, ak sou dènye konklizyon ankèt la, si ou mande sa epi ou bay enfòmasyon pou kontakte w.   Sanksyon ekgzak yo pran an ap rete konfidansyèl, men y ap fè ou konnen dènye konklizyon an, tankou: 

      a. Pwouve: Gen anpil prèv ki montre yon ajan polis vyole yon lwa, oswa yon règleman, yon direktiv, yon òdonnans, prensip, oubyen yon pwosedi Komisè Gouvènman an oubyen Avoka Konte a, oswa yon pwotokòl ajans lan, yon pwosedi anvigè, yon prensip, oswa yon fòmasyon. 

      b. Pa gen ka: Gen anpil prèv ki montre zak yo rapòte a pa te rive.
       
      c. Eskize: Gen anpil prèv ki montre zak yo rapòte a te rive, men li pa te yon vyolasyon okenn lwa, ni okenn règleman, direktiv, òdonnans, prensip, oubyen pwosedi Komisè Gouvènman an oubyen Avoka Konte a, ni yon pwotokòl ajans lan, yon pwosedi anvigè, yon prensip, oswa yon fòmasyon.
       
      d. Pa pwouve: Ankèt la pa pote ase prèv ki montre aklè zak la te rive, oubyen li pa te rive.

    6. Si ankèt nou montre kapab gen yon krim ki te komèt, n ap fè Avoka Konte a konnen sa. Yo ka mande w parèt pou temwaye nan tribinal.
    7. Si ankèt nou an lakòz yo akize yon ajan lapolis paske li vyole yon prensip depatman an, yo ka mande w vin temwaye nan yon odisyon depatman an.
    8. Si ankèt nou an montre pa gen ka pou plent lan, oubyen ajan lapolis la te byen aji, dosye a ap fèmen.
    9. Ankèt sou zafè entèn yo ap rete konfidansyèl, epi tout sanksyon disiplinè yo ap rete fèmen pou piblik la, sòf si ajan lapolis ki ankòz la mande pou yon odisyon avèk pòt louvri.
    10. Ou mèt rele (Captain Ryan Peters) nan (908-277-9380) pou bay enfòmasyon siplemantè, oubyen pou poze nenpòt kesyon sou ka a.
  2. Summit Police Department

    Internal Affairs Complaint/Reportable Incident Report

  3. Complaint classification
  4. Complainant

  5. Incident

  6. How was this reported? (Citizen and/or anonymous complaints only)
  7. Nature of complaint (check all that apply)
  8. Complaint made against:
  9. Leave This Blank:

  10. This field is not part of the form submission.